Kasè Kòd La [Kanaval 2020]-Djakout #1

Genre-Kanaval
Year-2020
Featuring-Okyjems
Haiti bezwen priyè
Frè Severe vin chante pou Ayiti

Wa va restore sa k pou nou yo
Wa va desann kot miray yo te fann
Wa va konstwi yon lòt jenerasyon tou nèf
Wa beni Ayiti y ap fè soufri
Wa repare tout sa yo te gate
Tout yo devore
Wa va desann restore sa k pou mwen yo
Wa beni Ayiti yap fè soufri

Men patrimwan nan

Woy nou mele
nou mele
djakout vin met lòt nan dezòd

sonje lontan jan lavi moun te respekte – sa n fè yo
monte desann bisantnè se te yon fyète – sa n fè yo
timoun te konn fè lago kache tout kote – sa n fè yo
moun nan lari kè yo pat janm sote – sa n fè yo
ensekirite k ap fè nou lagè – ohhh peyi a pat konsa
anba drapo nou dwa n limite – ohhh peyi a pat konsa
tout tradisyon nou yo fin ale

nou mele

pèp la bezwen sekirite – pou tout moun nan peyi a pwoteje oh
djakout mande pote kote – pou peyi d’Ayiti ka dekole oh
pèp la mete prezidan pwoblèm yo toujou la – non sa pa bon
opozisyon ranse pwoblèm yo toujou la – non sa pa bon
n ap sispann vote pou mil goud

pèp la bezwen sekirite – pou tout moun nan peyi a pwoteje oh
djakout mande pote kote – pou peyi d’Ayiti ka dekole oh
pèp la mete majistra fatra yo toujou la – non sa pa bon
men sektè prive se pèp la yap souse – non sa pa bon
legliz moute pil sou pil fidèl yo vin pi mal
non sa pa bon

woy
pa lage l konsa

nou bouke ak mache k ap boule leve de men n anlè rele
anmwey
nou fatige ak lapolis kap tonbe leve de men n anlè rele
anmwey

anmwey

yo manyen Djakout la pèp la anraje
si l fè l move, yap dechire, yap devore w
si kwè m manti mande fanatik Djakout – se sa l ye

moun Ri Dèkazèn voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
men moun Chanmas voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
Ayisyen voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
Fanatik Djakout nan wotè n ap pase la
Leve de men n anlè pou n pase men n anlè a
Pase men n anlè

Wa

Sa w te ye – ou pa Bondye w pa gen dwa pou w jije m
Kisa kisa kisa w te ye
Pa met zam nan men jenès la pou l pa detwi
Nan yon sèl peyi, nou tout se Ayisyen, twòp san koule
Pa met zam nan men jenès la pou l pa detwi
Nan yon sèl peyi, nou tout se Ayisyen, twòp san koule
Panse mete lekòl pou yo
Sante avèk travay pou yo
Kreye enfrastrikti pou yo
Lè sa n a va konstwi on peyi
Men sa nou bezwen pou peyi dayiti jwenn liberasyon n

Pèp Ayisyen yo pran nou pou esklav ane 2020 sa nou sèmante – nou libere
Pèp Ayisyen yo pran nou pou esklav leve men goch leve men dwat lage m – nou libere
Leve men dwat kase – kow demare m
Leve men goch kase – kow demare m
Leve de men n anlè chanmase –demare m
Demare m
Lage l

Chèche Toto m pa wè Toto – kote Toto kache
Chèche Toto m pa wè Toto
Soti nan tou a non

yo manyen Djakout la pèp la ap anraje
si l fè l move, yap dechire, yap devore w
si kwè m manti mande fanatik Djakout – se sa l ye

Djakout wa kanaval la depi l rive chanmas

Fanatik Djakout – afiche w
Moun chanmas cheri yo – afiche w afiche w
Tout Ayiti cheri - afiche w

Moun a dwat yo – kote w kanpe
Moun a goch yo – kote w kanpe
Devan dèyè – kote w kanpe
Pouse Djakout monte – wey men wa kanaval la
Pouse – wey

Woy ahah voye